Èske bwè espèm fè fanm gwosi, gate dan yo? Doktè David Laurangilles ap eksplike byenfè ak risk yo – JUNO7

0 56


Innee Beauty Parlour

Koze bwè espèm gason se yon bagay ki trè pratik kay anpil fanm lè y ap fè sèks. Gen fanm son plezi pou l fè ti bèf epi fè nèg la voye pou apre pou l ka bwè likid lan.

Gen yon kategori tou ki fè ti bèf men pa nan koze bwè espèm ke nou souvan rele dechay. Nan ti pale ak Doktè David Laurangilles, li t ap eksplike nou byenfè ak risk ke bwè espèm lan gen sou fanm.

Si n refere n ak eksplikasyon doktè Laurangilles yo, espèm oubyen dechay la konpoze de asid sitrik, asidamine, fruktoz, fosforilkolin, anzim, pwostaglandin, potasyòm ak zenk ki konpoze 90% eleman anndan espèmatozoyid la.

Anpil moun twouve pratik bwè likid blanch pwès sa kòm yon bagay ki malsen. Konsa tou, gen moun ki pa ni tande ni wè se gagari ti espèm yo, ki konn fè mesye yo menm ale nan jwisans plezi a pou di likid blòdè pa gaspiye se bwè sa. Yon bwè ki gen byenfè li konsa li gen risk li tou.

Doktè David Laurangilles te detaye pou nou anpil byenfè espèm lan gen kay fanm kote li redui risk kansè. Selon David Laurangilles, plizyè etid montre ke espèm gen selenyòm ki se yon sibstans ki anpeche devlopman nan selil kansè yo. Li fè nou konnen gen yon chèchè nan Inivèsite North Carolina ki te di gen 40% mwens chans pou yon fanm ki vale espèm patnè l pou l gen kansè po.

JacJac

Li kontinye pou l di espèm lan evite noze nan gwosès. Li amelyore koze cheve fanm kote eleman nitritif li yo fè cheve a fò, swa epi klere. Li fè konnen tou li se yon antidepresif natirèl kont depresyon kote li ede fanm lan sekrete oksitosin ak serotonin ki se òmòn ki gen rapò ak kontantman.

Èske espèm fè fanm gwo vre?

Souvan pa bò isit, moun renmen di fanm ki lage nan koze bwè espèm oubyen dechay pratik sa fè yo gwosi epi gen gwo dèyè, yon bagay ke doktè a voye jete pou l di epi klarifye

“Magre likid sa epè ak blanch, gen mineral ak vitamin, li pa konsidere kòm yon aliman pou ti kantite li reprezante. Selon yon atik Cosmopolitan te pibliye, li di ke chak kiyè espèm gen 5 a 35 kalori, kantite sa p ap ase pou l fè yon fi pran pwa. Nòmalman, pou moun lan ta pran pwa li t ap bezwen bwè yon vè espèm”.

Risk ki pandye sou tèt medam k ap bwè l yo

Pandan bwè espèm lan gen anpil byenfè lakay fi ke doktè a te eksplike, li gen risk li tou. Yon fanm ka pran VIH nan bwè espèm gason ki enfekte, selon doktè a. Li kontinye pou l souliye se pa sèlman bwè espèm lan ki bay maladi. Daprè li, depi gen fè ti bèf si moun lan gen sifilis, èpès, klamidya, yon enfeksyon, ou gen chans pou w pran l.

Sou koze moun ki konn ap di bwè espèm joni dan moun, gate l elatriye… Doktè a pa t an mezi reponn kesyon sa paske li di pa gen okenn etid syantifik ki pèmèt reponn ak kesyon sa. Pakont, li di gen yon dantis pandan yon konferans li t ap bay ki te di li gate dan.

Fas ak byenfè epi risk yo, doktè David Laurangilles te pwofite voye mesaj pou l di: “Moun ki renmen pratik sa, avan yo avantire ladan l, fòk yo asire yo patnè yo an pa gen yon MST oubyen yon enfeksyon, moun yo an pa gen plizyè patenè seksyèl”.

Li te konkli pou l raple ke nan tout bagay ki gen byenfè gen yon enkonvenyan. Yon fason pou l envite medam yo fè plis pridans ak pratik sa.

Dekouvri plis:

Michel Martelly parenn pwomosyon PHARUS anndan lise Alexandre Pétion

JacJac

(function(d, s, id) { var js, fjs = d.getElementsByTagName(s)[0]; if (d.getElementById(id)) return; js = d.createElement(s); js.id = id; js.src=”https://connect.facebook.net/en_US/sdk.js#xfbml=1&appId=249643311490&version=v2.3″; fjs.parentNode.insertBefore(js, fjs); }(document, ‘script’, ‘facebook-jssdk’));



Source link

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More