Èske manje graten reprezante danje pou sante moun? – JUNO7

0 11


Graten se sa ki ret anba chodyè a lè manje a fin kuit epi anpil moun konn pran plezi manje. Nan yon ti pale nou te fè ak yon etidyan medsin anndan Inivèsite Fondasyon Aristide (UNIFA), Faïly Anderson Trazil ki konsakre anpil rechèch li sou medsin prevantiv te pote kèk eksplikasyon sou sijè sa pou nou.

Koze graten pa gen moun ki ka oze di yo pa goute l menm yon fwa. Gen yon jan yon diri blan byen grese ou ka oze mande si graten an pa pi gou ke diri a. Gen graten espageti ki byen sèk, graten mayi kole ak pwa epi w lage yon ti legim sou graten sa. Dèfwa, anpil moun si manje a pa gen graten gen moun ki di w gen yon plezi, yon gou manje sa manke.

Men, èske li bon pou ap manje graten? Ki threat sa ka gen sou sante w? Se nan lide sa nou te rankontre ak Faïly Anderson Trazil epi pale ak li.

Advertisement. Scroll to proceed studying.

Jèn espesyalis la ki konsantre anpil rechèch li sou medsin prevantiv te koumanse pou l di gen kèk kote yo pa rekòmande moun manje graten paske jan moun yo retire l nan chodyè a gen threat pou l reprezante gwo danje

“Anpil fwa n ap retire graten yo nan chodyè a nenpòt kòman ki vin fè l reprezante gwo danje pou sante nou. Se sa k koz genyen anpil kote li pa rekòmande pou moun, sitou timoun yo manje graten”.

Ki kote pwoblèm sa soti?

Si n ap refere n ak eksplikasyon Faïly yo, nou kapab di se pa graten an ki pwoblèm vre males pito se steel ki fè chodyè yo ak kèk materyèl kizin n ap sèvi ki gen boksit ki gen yon bon kantite aliminyòm.

“Lè w ap retire graten an, ou pase kiyè a genyen anpil chans pou l pran nan aliminyòm ki fè chodyè a mete nan graten an, konsa ou vin manje aliminyòm nan pandan w ap manje graten an. Sa kapab Koze pwoblèm sou sante ou si w vin genyen yon bon kantite aliminyòm nan san ou”, daprè eksplikasyon Faïly Anderson Trazil.

Advertisement. Scroll to proceed studying.

Sa aliminyòm lan ka fè w

Daprè eksplikasyon mesye Faïly ak nou, aliminyòm sa ki kapab vini an gran kantite nan san ou kapab reyaji sou sistèm nève santral moun epi bay twoub, li gen kapasite pou l atake tisi ose yo tou.

Toujou nan eksplikasyon Faïly yo, aliminyòm lan gen threat pou l fè w pèdi memwa, pèdi bon sans. Li kapab fè w devlope maladi alzaymè tou lè w koumanse rantre nan laj, selon sa Faïly fè konnen.

Pou te fèmen konvèsasyon sa, Faïly Anderson Trazil te konkli pou l di pa entèdi moun manje graten males li envite yo fè yon fason pou yo pa rive nan kò chodyè lè y ap grate, yon fason pou evite konsome plis aliminyòm paske se pa graten an ki danje vre males pito aliminyòm yo.

Dekouvri plis:

Le BINUH dénonce une augmentation de 76% à 85 % des personnes en détention préventive prolongée en 10 mois

Advertisement. Scroll to proceed studying.



Source link

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More