Sa okay fè ayisyen okay ap pati 1e fwa pa renmen di moun sa? – JUNO7

0 5


Kesyon sa anpil moun toujou ap poze tèt yo l pou chache konnen sa okay fè anpil konpatriyòt ayisyen pa twò renmen devwale lè y ap pati. Se nan sans sa, sal redaksyon Juno7 te rive pale ak kèk moun ki te temwanye epi pale tou ak 2 antwopo sosyològ sou sijè sa.

Bernadette okay ap viv aktyèlman nan Nouyòk, konfye nou li gen 7 lane depi l vwayaje. Dam sa ki di l gen 36 lane aktyèlman, fè nou konnen li te sipoze pati avan sa, menm tranbleman 12 janvye 2010 pa t dwe pran l isit, males tèlman li te byen ak yon kouzin li chak tan y ap regle pwosesis yo pou li epi l mete kouzin lan okouran anyen pa janm regle jistan bagay yo retade anyen pa janm fèt.

Bernadette lage chay la sou do kouzin li an li di ki toujou ale fè sòsèlri chak tan li okouran ke l pral pati. An 2014, Bernadette jwenn yon nèg ki renmen l, ki deside fè demach pou li, li pa di Kouzin lan anyen ni pyès lòt moun jistan li rive Nouyòk epi yo dekouvri l pa la. Daprè sa l di, kouzin lan te menm di l trèt paske li pa t mete l okouran li pral Etazini.

Dam sa eksplike nou istwa sa pou l montre nou danje ki konn genyen nan plede eksplike moun ou pral pati, ou sou pwosesis rezidans, ou jwenn bous detid elatriye. Istwa Bernadette la pa twò diferan de yon pakèt moun anndan sosyete a ki ka temwanye yo viv li nan yon fason oubyen yon lòt.

Advertisement. Scroll to proceed studying.

Pou John Wilfort Estiverne, ki se yon antwopo sosyològ, li eksplike pou l di bagay sa degaje kay anpil ayisyen se paske anpil moun anndan sosyete a atribye pati ak yon modèl reyisit ki fè moun okay ap pati a vin panse yo ka rayi l si moun konnen l ap pati

“Anpil ayisyen toujou atribye moun ki ka pati ak yon modèl reyisit, sa vin jèmen yon kliche lakay pifò ayisyen le moun ka rayi yo si y aprann yo pral pati paske yo pral gen yon vi miyò”.

Peterson Desir yon lòt antwopo sosyològ kwè ke se yon mank konfyans ki vin bay mefyans nou youn pè lòt, nou youn ap mawon lòt paske nou toujou ap panse ak pwovèb depi nan ginen nèg pa vle wè nèg la, sa ki vin fè si ayisyen an ap fè yon bagay li jije ki enpòtan oubyen pozitif  li pè di moun sa paske li panse moun sa ka ralanti l oubyen li tounen obstak pou moun lan, daprè sa mesye Peterson eksplike.

Kèk tan nou toujou tande moun ap di se pa enkoni okay ap jalou w males se antouraj ou. Nan seri temwanyaj nou jwenn yo ki pa nouvo, gen moun ki di vwazen an konn mare pitit pa l pou l pa fò lekòl ankò koz pa l la kreten li menm. Zanmi konn tiye w pou yon machin ou pwosede paske l pa genyen. Vwazinaj rayi w paske w monte chodyè souvan pou fè manje pandan li grangou.

Advertisement. Scroll to proceed studying.

Si w pral pati oubyen vwayaje  ou ka fè anpil lènmi san w pa konnen, tout sa yo se de fòm jalouzi antouraj ou ka devlope paske nan tèt yo, yo santi w ap pwogrese, nan chache konprann poukisa fenomèn sa devlope kay kèk moun males kijan Estiverne ak Peterson te reponn youn dèyè lòt

“Lide sa jèmen nan tèt anpil ayisyen depi piti, sa vin rezime ak fòmil sa:. Fenomèn pwomiskwite a,  moun lan ta toujou vle lòt la reyisi, men se pa san yo osinon se pa avan yo. Sa kreye ògèy lakay moun sa ki te konnen w, paske senbolikman se pa ou ki reyisi men pito ou kite l atè a poukont li. Li gen yon santiman echèk parapò ak mobilite sosyal ou atenn nan vi w la”.

“Mwen pa fin kwè se ayisyen ki renmen jalou moun k ap pwogrese. Pa bliye nou nan yon peyi kote majorite a ap viv nan kras, kote yon moun ki reyisi se yon privilejye. Moun ki reyisi a pa règ la men pito se eksepsyon an, sa kreye yon fristrasyon lakay moun”.

Chomaj, grangou, ensekirite, mizè atwòs, tout pwoblèm sa yo melanje avèk lòt ankò blayi anndan sosyete a. Se rezon tou sosyològ Peterson Desir te eksplike pi wo a pou l di se pa jalou ayisyen an jalou males pito li fistre lè l gade kèk moun nan antouraj li se privilejye ki arive soti tèt yo nan ka manje, vwayaje, ale nan inivèsite, gen yon ti machin, travay elatriye.

Advertisement. Scroll to proceed studying.

Si n ap byen konprann, fistrasyon sa yo moun yo genyen an, li vin gen repèkisyon sou moun nan antouraj yo nou ta ka di ki gen chans soti tèt yo, moun sa sosyològ la kalifye ki fistre a vin anvye moun sa okay ap bouje a.  Se sa John Wilfort Estiverne te eseye eksplike pi lwen nan konvèsasyon an

“WI, mizè atwòs ki tabli kò li Ayiti a vin jenere fwistrasyon ak layèn kay moun sa ki p ap regle anyen an paske, non sèlman se konsekans inegalite sosyal la men tou, se yon konpòtman ki nòmal nan tout sosyete ki yerachize epi ki baze sou diferans klas, ras ak kategori sosyal”.

Sou menm koze inegalite sosyal mesye Estiverne ap pale a, Peterson kwè ke se rive reyòganize sosyete a pou redui koze inegalite a

“Se rive reyòganize sosyete a nan egzije moun k ap deside yo kreye klima pou redui le plus ke posib inegalite ak tout lòt pwoblèm yo”.

Advertisement. Scroll to proceed studying.

Pou pa gen mefyans, jalouzi, anvye moun, fistrasyon elatriye, 2 sosyològ yo te eksplike sa okay ta sipoze fèt.

John Wilfort Estiverne kwè ke edikasyon tout moun ta dwe fèt pou tout moun ka gen chans epi aksepte rantre nan kritè sosyete a defini pou moun reyisi

“Sa ki ta dwe fèt se fè edikasyon tout moun san distenksyon. Kote sosyete a ap baze sou egalite chans, ki p ap baze sou Mounpayis, ki ap bay valè ak konpetans. Lè sa sosyete a ap plis ekilibre, tout moun ap dakò antre nan kritè sosyete a defini pou moun reyisi yo san fè kiken, ni rayi lòt la ki rive avan li a”.

Peterson Desir sou bò pa l kwè ke sipoze gen yon travay ki fèt nan fanmi pou aprann moun lan apresye depi timoun

Advertisement. Scroll to proceed studying.

“Mwen panse ta sipoze gen yon travay nan fanmi nou. Aprann timoun yo apresye lòt moun ak tout diferans yo, aprann apresye travay moun menn si se ap difisil rive dekonstwi kèk tradisyon, kèk mès ki sèvi obstak pou devlopman moun ak peyi a an jeneral”.

Si n ap byen konprann entèvansyon 2 antwopo sosyològ yo, nou kapab di koze moun rayi moun, anvye moun, jalou moun, fistre oubyen moun pa nan rakonte moun afè yo, se pa yon bagay piti anndan sosyete a, se yon pwoblèm sosyal ki lye ak yon pakèt inegalite ki egziste anndan sosyete sa kote nan tèt anpil moun si w ka vwayaje se kite w kite l nan mizè aktyèl sa, si w ka ap manje chak jou ou kite l nan grangou, si w jwenn bous detid ou gen chans pou w reyisi vi w epi ale pi lwen pandan li menm li sou beton an toujou.

Tout sa yo vin devlope anpil transfer bagay nan tèt moun ki santi l pa privilejye pou l benefisye sa yo, epi moun ki gen chans ka manje, vwayaje, ale travay, gen yon machin ak yon bout kay la vin pi mefyan, pi pridan paske l toujou panse moun ki pa ka benifisye sa l benefisye yo ka fè l. Pwoblèm sa yo p ap efase pou kounya si sosyete a an jeneral pa egzije otorite yo pou ekilibre bagay yo. Si tout moun ka manje, se klè moun ki gen chans ka manje diri ak sòs pwa a p ap fistre moun ki akonpaye manje pa l la ak vyann.

Si tout moun ka travay nivo fistrasyon an ap bese… Toutotan se konsa sa ye, nou pa dwe etone si n wè se pandan moun lan ayewopò pou l ale li ekri w li di w li pati, se paske li pa konn marengwen okay ap vole a kiyès ki mal ak femèl, li jis pridan. Domaj!

Advertisement. Scroll to proceed studying.

Dekouvri plis:

Elèv Lise Nasyonal Petyonvil pran lari pou mande pwofesè nan sal klas yo



Source link

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More