[ad_1]
“Ti fyèv, ti tous ak kò fè mal” kontinye ap layite kò l lakay anpil moun an Ayiti.
Sa fè anviwon yon mwa ak kèk jou depi yon lafyèv melanje ak yon grip ap yaya kò l lakay anpil fanmi ayisyèn. Pwoblèm sa lakoz anpil moun rete kouche lakay yo, gen pami moun ki gen fyèv ak grip la ki revele yo gen djare. Pwoblèm sa otorite sanitè pa bò isit poko an mezi di si se kowonaviris men fè konnen y ap tann rezilta “spécimen” ki nan laboratwa pou konnen si gen yon nouvo varyan bò isit.
Kèk moun ki te frape pa fyèv ak grip la ap temwanye jan yo te ye
Li ra dènye jou sa yo pou w vizite yon kay pou w pa wè pou pi piti yon moun ap kuit anba yon dwa ak lafyèv oubyen kenbe yon ti sèvyèt pou ap siye nen l akoz grip la. Candio Jhon-Ford ki se yon jèn antreprenè fè nou konnen fyèv la rantre sou li madi pase a kote li ba l yon ti frison, li santi l frèt, tout manb li ap kase. Mesye Jhon-Ford ki poko fin geri fè konnen se grip la ki pi di.
Stéphanie Sérélus ki se yon jèn fanm ki enplike nan sosyal sot fèt yon bon tan kouche sou kabann lopital, nan sans sa li di l pè kouche se rezon chak lè li santi kò l cho li kouri benyen ak dlo frèt epi pran lari pou fyèv la pa ret sou li.
Nan kay kote Stéphanie Sérélus ap viv la, li fè konnen tout moun gen fyèv la ak grip la, gen pami yo ki genyen l 2 fwa. Pou lite fas ak pwoblèm sa se konprime li bwè selon sa l di n.
Koze fyèv ak tous la aji sou sistèm moun de fason diferan. Maxime Louissaint ki se jounalis redaktè Presslakay fè konnen se grip la ki plis pwoblèm pou li: <>.
Pou kesyon fyèv la, Maxime Louissaint revele li te fè yon jou sou li senpman, li pa t twò nui l. Konfrè a fè konnen li pa bwè aswosi men se konprime ki te ede l.
Lafyèv, grip, kò kraze a pa gen paspouki pou okenn moun, nenpòt kategori ou ye a, ou riske pran men sòl pa w la, se ka pa Marc-Leïny Augustin yon adolesan k ap fè NSII ki te pale ak nou sou jan fyèv la ak grip la te rive sou li.
“Li pa t fè anpil jou sou mwen. Men, lè m ap touse mwen te konn santi anba vant mwen fè m mal. Fyèv la ak grip la te ban m gwo tèt fè mal. M te konn touse anpil tou”, deklarasyon Marc-Leïny k ap reprann kounya aprè l te fin gen fyèv la 31 desanm lan ki pa t anpeche l enjoy selon sa l di.
Yon coach an nitrisyon pwopoze kèk remèd
Dènye jou sa yo anpil moun ki gen fyèv ak grip la pa sispann pran tout kalte medikaman yo di yo ki bon pou sa. Genyen ki menm tonbe nan “otomedikasyon” an ki kapab genyen efè negatif sou sante yo pi devan.
Nan sans sa, pwofesè inivèsite Jean Michel Castor ki se yon antreprenè agrikòl, coach an nitrisyon epi ki abitye ranje men ak pye moun ki kase te fè yon ti pale ak Juno7 epi pwopoze kèk metòd ki ka pèmèt yon moun lite kont fyèv ak grip la.
Daprè Jean Michel Castor, yon moun ki poko gen fyèv la kapab bwè pipi l lè l fenk leve nan mateb san l poko manje. Toutfwa, fòk moun sa pa fè okenn enfeksyon si l swete bwè pipi l selon sa pwofesè a ajoute.
Yon moun ki gen fyèv la deja, Jean Michel Castor konseye moun yo achte fèy dèyè dlo epi bouyi l ansanm ak asosi epi mete sitwon tou.
Pou kesyon grip la, coach an nitrisyon an fè konnen si yon moun santi nen l bouche li ka fè friksyon ak lwil maskriti nan fontenn li ak anba pla pye l.
Si fyèv la fò, moun lan santi l ap kuit, mesye Castor envite moun yo fè yon te ki gen po zonyon, lay, jiròf ak sitwon. Li konseye tou te ki fèt ak jiròf, fèy ekaliptis epi sitwon.
MSPP ap tann rezilta spécimen ki nan laboratwa
Sitiyasyon sa pa sispann fè moun ap poze kesyon pou konnen ki sa otorite yo di. Jodi jedi 6 janvye a nan kad yon konferans pou laprès fè konnen ap Ayiti ap fè fas ak yon grip sezonyè. Doktè Lauré Adrien fè konnen otorite sanitè yo ap tann rezilta spécimen ki nan laboratwa pou konnen si gen yon nouvo varyan kowonaviris sou teritwa a.
Exama Jean Rodrigue Junior ki se yon entèn nan lopital Imakile Konsepsyon nan Okay deplore jan jesyon kowonaviris la ap fèt pa bò isit. Li fè konnen popilasyon an pa kwè nan otorite yo epi estime otorite yo manke konpetan tou.
Pi lwen, li fè konnen grip ak fyèv pa maladi epi envite moun yo fè diferans ant maladi, siy ak sentom yon fason pou yo pa afole.
Li te tou pwofite raple maladi a pa fè menm efè sou yon moun ki jèn ki pa t devlope okenn lòt maladi menm jan yon moun ki gen kòmodite. Exama envite otorite konsène yo bay pèp la plis detay sou koze sa yon fason pou moun yo edike. Pandan tan sa se ti te k ap bwè!
Dekouvri plis:
Open d’Australie : Naomi Osaka se qualifie pour les quarts de finale en écartant Maryna Zanevska
(function(d, s, id) { var js, fjs = d.getElementsByTagName(s)[0]; if (d.getElementById(id)) return; js = d.createElement(s); js.id = id; js.src=”https://connect.facebook.net/fr_FR/sdk.js#xfbml=1&appId=249643311490&version=v2.3″; fjs.parentNode.insertBefore(js, fjs); }(document, ‘script’, ‘facebook-jssdk’));
[ad_2]
Source link